Add parallel Print Page Options

¶ Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.

Seyè a di Jedeyon konsa: -Ou gen twòp moun avè ou pou m' kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouraj yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo.

Koulye a, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt al fè wout yo lakay yo, kite nou sou mòn Gilboa a. Se konsa venndemil (22.000) moun al lakay yo. Te rete dimil (10.000).

Seyè a di Jedeyon ankò: -Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete.

Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Seyè a di Jedeyon konsa: -Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò.

Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo.

Seyè a di Jedeyon! -Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo.

Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan.

¶ Jou lannwit sa a, Seyè a di Jedeyon konsa: -Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou.

10 Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a.

11 W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouraj epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an.

12 Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.

13 Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.

14 Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.

15 Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l' atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: -Ann ale! Seyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou.

16 ¶ Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la.

17 Epi li di yo: -Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m' fè, n'a fè l' tou.

18 N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m' yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Seyè a ak pou Jedeyon!

19 Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l' yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonnè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo.

20 Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: -Ann al goumen pou Seyè a ak pou Jedeyon!

21 Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò.

22 Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Seyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl Meola, toupre Tabat.

23 ¶ Lè sa a yo rele tout gason nan branch fanmi Neftali a, nan branch fanmi Asè a ak nan tout branch fanmi Manase a, epi yo pran kouri dèyè moun Madyan yo.

24 Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara.

25 Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.

¶ Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li.

Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè!

Bondye lage Orèb ak Zeyèb, de chèf moun Madyan yo, nan men nou. Kisa mwen fè ki ka parèt devan sa? Fini li fin di yo sa, mesye Efrayim yo pa fache sou li ankò.

¶ Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil.

Jedeyon pale ak moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Tanpri, bay mesye m' yo kèk moso pen pou yo manje. Yo bouke anpil. M'ap kouri dèyè Zebak ak Salmouna, wa moun Madyan yo.

Men chèf lavil Soukòt yo di l' konsa: -Poukisa ou vle pou nou bay lame ou la manje! Ala ou poko mete men sou Zebak ak Salmouna!

Jedeyon di yo: -Anhan! Se konsa! Bon! Lè Seyè a va fin lage Zebak ak Salmouna nan men mwen, m'ap tounen pou nou! M'ap filange nou ak fwèt pikan ak chadwon savann.

Li kite lavil Soukòt, li moute lavil Penyèl. Li mande yo menm bagay la. Men, moun lavil Penyèl yo reponn li tankou moun lavil Soukòt yo.

Jedeyon di yo: -Mwen gen pou m' tounen apre batay la! Lè sa a, m'ap kraze gwo fò won sa a.

10 Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (15.000) gason.

11 Jedeyon pran wout ki pase nan dezè a, sou bò solèy leve lavil Nobak ak lavil Yogbeya, epi li tonbe sou lame a ki te kwè pa t' gen danje pou yo ankò.

12 Zebak ak Salmouna, de wa Madyan yo, kouri met deyò. Jedeyon kouri dèyè yo, li mete men sou yo, li gaye tout lame a, li fè yo kraze rak.

13 Lè Jedeyon, pitit Joas la, tounen soti nan lagè a, li pase sou ti mòn Erès la.

14 Li fè yo mete men sou yon jenn gason ki te rete lavil Soukòt epi li keksyonnen l'. Jenn gason an ekri non swasanndisèt moun ki te otorite ak chèf fanmi lavil Soukòt li bay Jedeyon.

15 Apre sa, Jedeyon al jwenn moun lavil Soukòt yo, li di yo: -Nou chonje jan nou te joure m' pou Zebak ak Salmouna! Nou te di m' nou pa t' ka bay mesye m' yo moso pen pou yo manje atout yo te bouke, paske mwen pa t' ankò mete men sou Zebak ak Salmouna. Men yo tande!

16 Lèfini, li pran branch pikan ak chadwon nan savann lan, li bat chèf lavil Soukòt yo byen bat.

17 Apre sa, l' al kraze gwo fò won lavil Penwèl la, epi li touye mezi gason ki te rete nan lavil la.

18 ¶ Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.

19 Li di yo: -Se frè m' yo te ye, pitit menm manman avè m'. Mwen fè sèman, devan Bondye ki vivan an, si nou pa t' touye yo, mwen pa ta touye nou tou!

20 Epi li di Jetè, premye pitit gason l' lan: -Annavan! Touye yo! Men, jenn gason an pa wete nepe l' nan djenn li. Li te pè paske li te timoun toujou.

21 Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo.

22 ¶ Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.

23 Men, Jedeyon reponn yo: -Mwen p'ap chèf nou, ni pitit mwen p'ap chèf nou tou. Se Seyè a ki va chèf nou.

24 Apre sa, Jedeyon di yo: -Yon sèl bagay m'ap mande nou: Se pou chak moun wete yon grenn zanno nan sa li pran an ban mwen. Moun Madyan yo te pote zanno lò, tankou lòt moun k'ap viv nan dezè a.

25 Moun pèp Izrayèl yo reponn li: -Se tout plezi nou pou n' ba ou yo! Yo louvri yon rad atè, epi chak moun pran yon zanno nan sa yo te pran an, yo mete l' sou rad la.

26 Tout zanno Jedeyon te mande yo te fè antou swasant liv lò konsa, san konte bijou ki te gen fòm dekou lalen yo, kolye yo, bèl rad wouj ki te sou wa yo, ak kolye ki te mare nan kou chamo yo.

27 Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.

28 Se konsa moun Madyan yo te vin soumèt devan moun pèp Izrayèl la. Depi jou sa a yo pa janm leve tèt yo ankò. Pandan karantan te gen lapè nan peyi a jouk jou Jedeyon mouri.

29 ¶ Jedeyon, pitit Joas la, ki rele Jewoubaal tou, tounen al rete lakay li.

30 Li te gen swasanndis pitit gason, paske li te gen anpil manman pitit.

31 Li te gen yon fanm kay ki te rete Sichèm. Ti fanm sa a te fè yon pitit gason pou li, li rele l' Abimelèk.

32 Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.

33 Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.

34 Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.

35 Yo moutre yo engra, yo bliye fanmi Jedeyon an ansanm ak tout byen li te fè pou pèp Izrayèl la.