Add parallel Print Page Options

Jezi devan lidè relijye yo

(Mak 14:53-65; Lik 22:54-55, 63-71; Jan 18:13-14, 19-24)

57 Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. 58 Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i.

59 Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. 60 Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, 61 epi yo di: “Misye[a] te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.”

62 Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” 63 Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi.

Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?”

64 Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.”

65 Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. 66 E nou menm, sa nou di?”

Yo reponn li: “Li merite lanmò.”

67 Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. 68 Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?”

Read full chapter

Footnotes

  1. 26:61 Misye Se kon sa lènmi l yo te deside rele Jezi paske yo pa t vle site non l.

57 ¶ Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.

58 Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.

59 Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.

60 Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.

61 Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.

62 Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?

63 Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?

64 Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.

65 Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.

66 Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.

67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.

68 Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.

Read full chapter