Font Size
Mak 9:41-43
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Mak 9:41-43
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
41 Mwen ba w garanti sa a, nenpòt moun ki bay w yon vè dlo paske ou pou Kris la, li p ap janm pèdi l.”
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mat 18:6-9; Lik 17:1-2)
42 “Se va byen grav pou yon moun ki ta fè youn nan timoun sa yo ki mete konfyans nan mwen peche. Li ta pi bon pou li si yo ta mare yon moulen nan kou l epi voye l jete nan lanmè. 43 Si se men w k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International