Add parallel Print Page Options

15 Grenn ki tonbe nan bon tè yo menm, se tankou moun ki tande pawòl la ak yon kè onèt epi bon. Yo obeyi pawòl la kòrèkteman epi avèk pasyans, yo pwodui yon bon rekòt.

Chache konprann sa ou tande

(Mak 4:21-25)

16 Pèsonn p ap limen yon lanp pou l kouvri l anba yon bokit osinon pou l sere l anba kabann. Okontrè, l ap mete l anlè sou etajè, yon fason pou lè moun ap antre limyè a ka klere pou yo. 17 Tout bagay ki kache gen pou parèt aklè. Tout bagay ki te fèt ankachèt gen pou devwale, epi tout moun gen pou wè yo.

Read full chapter