Add parallel Print Page Options

34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35 Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Àn wè Mesi a

36 Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri.

Read full chapter