Add parallel Print Page Options

Nan gras Bondye, li ban m opòtinite sa a. Li fè m vin yon sèvitè pou m pwoklame Bòn Nouvèl la. Se pouvwa Bondye menm ki ban m gras sa a. Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la. Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè.

Read full chapter