Add parallel Print Page Options

Fason pou mari yo viv ak madanm yo

Nou menm medam, menm jan an tou, se pou n soumèt nou devan mari nou. Konsa, si gen nan yo ki refize kwè nan pawòl Senyè a, yo va rive kwè poutèt jan n ap viv. Nou p ap menm bezwen pale. Mari nou yo ap sèlman wè kalite bon lavi n ap mennen nan respè pou Bondye. Se pa bèl kout peny, anpil bijou, rad chè ki dwe fè nou bèl. Men se yon bèlte anndan nou bezwen. Chache genyen yon karaktè ki dou epi poze. Se sa ki gen valè nan je Bondye epi ki p ap janm pase.

Se kon sa medam nan tan lontan ki te kwè nan Bondye yo te konn fè yo bèl. Yo te soumèt devan mari yo. Tankou Sara ki te obeyi Abraram jouk li te rele l: “Mèt mwen.” Nou se pitit fi Sara si nou fè sa ki byen san nou pa pè anyen.

Nou menm tou mari, nan lavi nou ak madanm nou, pran swen madanm nou. Mete sa nan tèt nou byen, fi pi frajil pase gason. Respekte yo, paske y ap resevwa kado lavi a menm jan avèk nou. Si nou fè sa, pa gen anyen ki ka bloke priyè nou yo.

Gen soufrans nan mennen yon vi ki dwat

Pou fin i, se pou nou gen menm santiman youn pou lòt. Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak sè. Se pou nou gen dousè, epi se pou nou saj. Pa rann mal pou mal, pa joure moun, menm lè yo joure nou. Okontrè, beni moun sa yo, paske se pou benediksyon Bondye te rele nou. 10 Bib la di:

“Si nou vle viv byen,
    e si nou vle viv lontan sou latè,
evite pale moun mal,
    evite bay manti.
11 Kouri pou sa ki mal epi fè sa ki byen.
    Se pou l fè tout sa li kapab pou l viv an pè ak moun.
12 Paske Senyè a gen je li sou moun k ap fè sa ki byen,
    li tou prèt pou l tande priyè yo.
    Men li kont tout moun k ap fè sa ki mal.”(A)

13 Si n ap chache fè sa ki byen ak tout kè nou, ki lès moun ki pral fè nou mal? 14 Men menm si nou ta soufri paske nou fè sa ki dwat, nou se moun beni. “Pa pè yo, pa kite yo kraponnen nou.”(B) 15 Men, se pou nou gen krentif pou Kris nan kè nou epi fè lwanj pou li kòm Senyè nou. Se pou nou toujou pare pou n reponn nenpòt moun ki poze kesyon sou esperans nou genyen an. 16 Reponn yo avèk sajès ak respè. Kenbe konsyans nou klè. Konsa, moun ap wè bon lavi n ap mennen tankou disip Kris la. Moun ki pale nou mal pral wont poutèt sa yo di.

17 Li pi bon pou n soufri nan fè sa ki byen pase pou n soufri nan fè sa ki mal. Wi, li pi bon paske se sa Bondye vle.

18 Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo.
    Li menm ki te inosan,
li mouri pou koupab yo,
    pou l mennen yo bay Bondye.
Moun yo te touye l,
    men Sentespri Bondye a te resisite l.

19 Se ak puisans Sentespri Bondye a l al pwoklame laviktwa l pami lespri ki nan prizon yo. 20 Sa vle di, sila yo ki te dezobeyi Bondye lè l t ap pran pasyans pou yo nan epòk Noye t ap bati lach la. E se yon ti gwoup uit moun sèlman ki te sove nan bato a anba gwo lapli a. 21 Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò. 22 Kounye a li monte nan syèl. Li chita adwat Bondye kote l ap domine sou tout anj, sou tout otorite ak sou tout lòt puisans nan syèl la.

Wives, in the same way submit yourselves(A) to your own husbands(B) so that, if any of them do not believe the word, they may be won over(C) without words by the behavior of their wives, when they see the purity and reverence of your lives. Your beauty should not come from outward adornment, such as elaborate hairstyles and the wearing of gold jewelry or fine clothes.(D) Rather, it should be that of your inner self,(E) the unfading beauty of a gentle and quiet spirit, which is of great worth in God’s sight.(F) For this is the way the holy women of the past who put their hope in God(G) used to adorn themselves.(H) They submitted themselves to their own husbands, like Sarah, who obeyed Abraham and called him her lord.(I) You are her daughters if you do what is right and do not give way to fear.

Husbands,(J) in the same way be considerate as you live with your wives, and treat them with respect as the weaker partner and as heirs with you of the gracious gift of life, so that nothing will hinder your prayers.

Suffering for Doing Good

Finally, all of you, be like-minded,(K) be sympathetic, love one another,(L) be compassionate and humble.(M) Do not repay evil with evil(N) or insult with insult.(O) On the contrary, repay evil with blessing,(P) because to this(Q) you were called(R) so that you may inherit a blessing.(S) 10 For,

“Whoever would love life
    and see good days
must keep their tongue from evil
    and their lips from deceitful speech.
11 They must turn from evil and do good;
    they must seek peace and pursue it.
12 For the eyes of the Lord are on the righteous
    and his ears are attentive to their prayer,
but the face of the Lord is against those who do evil.”[a](T)

13 Who is going to harm you if you are eager to do good?(U) 14 But even if you should suffer for what is right, you are blessed.(V) “Do not fear their threats[b]; do not be frightened.”[c](W) 15 But in your hearts revere Christ as Lord. Always be prepared to give an answer(X) to everyone who asks you to give the reason for the hope(Y) that you have. But do this with gentleness and respect, 16 keeping a clear conscience,(Z) so that those who speak maliciously against your good behavior in Christ may be ashamed of their slander.(AA) 17 For it is better, if it is God’s will,(AB) to suffer for doing good(AC) than for doing evil. 18 For Christ also suffered once(AD) for sins,(AE) the righteous for the unrighteous, to bring you to God.(AF) He was put to death in the body(AG) but made alive in the Spirit.(AH) 19 After being made alive,[d] he went and made proclamation to the imprisoned spirits(AI) 20 to those who were disobedient long ago when God waited patiently(AJ) in the days of Noah while the ark was being built.(AK) In it only a few people, eight in all,(AL) were saved(AM) through water, 21 and this water symbolizes baptism that now saves you(AN) also—not the removal of dirt from the body but the pledge of a clear conscience(AO) toward God.[e] It saves you by the resurrection of Jesus Christ,(AP) 22 who has gone into heaven(AQ) and is at God’s right hand(AR)—with angels, authorities and powers in submission to him.(AS)

Footnotes

  1. 1 Peter 3:12 Psalm 34:12-16
  2. 1 Peter 3:14 Or fear what they fear
  3. 1 Peter 3:14 Isaiah 8:12
  4. 1 Peter 3:19 Or but made alive in the spirit, 19 in which also
  5. 1 Peter 3:21 Or but an appeal to God for a clear conscience