Lik 20:1-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mat 21:23-27; Mak 11:27-33)
20 Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. 2 Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?”
3 Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. 4 Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
5 Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 6 Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” 7 Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.”
8 Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”
Read full chapter
Lik 20:1-8
Haitian Creole Version
20 ¶ Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan; li t'ap moutre pèp la anpil bagay; li t'ap anonse yo bon nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive.
2 Yo di li: Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
3 Jezi reponn yo: Mwen pral poze nou yon keksyon, mwen menm tou.
4 Di mwen kilès ki te voye Jan Batis batize moun: Bondye osinon lèzòm?
5 Men, yonn t'ap di lòt: Si nou reponn se Bondye ki voye l', la mande nou poukisa nou pa t' kwè li.
6 Si nou reponn se lèzòm ki voye l', tout pèp la va touye nou ak kout wòch, paske yo tout te gen konviksyon Jan Batis te yon pwofèt.
7 Lè sa a yo reponn li: Nou pa konn ki moun ki te voye l' batize.
8 Jezi di yo: Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite m'ap fè bagay sa yo.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International