Mak 11:1-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19)
11 Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. 2 Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 3 Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”
4 Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. 5 Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” 6 Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale.
7 Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. 8 Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. 9 Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj[a] pou Sovè a!
Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a![b]
10 Viv wayòm k ap vini an,
wayòm papa nou David.
Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.”
11 Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International